Ladesalinyèn
From Wikipedia
Ladesalinyèn se im nasyonal Ayiti depi lane 1904. Pawòl yo te ekri pa Jisten Lerison e misik te fè pa Nikola Gèfra.
Tit se pou Janjak Desalin, prèmye anperè Ayiti.
[edit] Pawòl
- Pou Ayiti peyi zanset yo
- Se pou n mache men nan lamen
- Nan mitan n pa fet pou gen tret
- Nou fet pou n sel met tet nou
- Annou mache men nan lamen
- Pou Ayiti ka vin pi bel
- Annou, annou met tet ansanm
- Pou Ayiti onon tout zanset yo.
- Pou Ayiti onon zanset yo
- Se pou n sekle se pou n plante
- Se nan te tout fos nou chita
- Se li k ba nou manje
- Ann bite te ann voye wou
- Ak ke kontan fok te a bay
- Sekle wouze fanm kou gason
- Pou n rive viv ak sel fos ponyet nou.
- Pou Ayiti ak pou zanset yo
- Fo nou kapab vanyan gason
- Moun pa fet pou ret avek moun
- Se sa k fe tout manman ak tout papa
- Dwe pou voye timoun lekol
- Pou yo aprann pou yo konnen
- Sa Tousen, Desalin, Kristof, Petyon
- Te fe pou wet Ayisyen anba bot blan.
- Pou Ayiti onon zanset yo
- Ann leve tet nou gad anle
- Pou tout moun mande Granmet la
- Pou l ba nou pwoteksyon
- Pou move zanj pa detounen n
- Pou n ka mache nan bon chimen
- Pou libete ka libete
- Fok lajistis blayi sou peyi a.
- Nou gen yon drapo tankou tout pep
- Se pou n renmen l mouri pou li
- Se pa kado blan te fe nou
- Pou nou kenbe drapo nou wo
- Se pou n travay met tet ansanm
- Pou lot peyi ka respekte l
- Drapo sila a se nanm tout Ayisyen.
[edit] lyen dèyò
Categories: Im | Ayiti