Web Analytics


https://www.amazon.it/dp/B0CT9YL557

We support WINRAR [What is this] - [Download .exe file(s) for Windows]

CLASSICISTRANIERI HOME PAGE - YOUTUBE CHANNEL
SITEMAP
Audiobooks by Valerio Di Stefano: Single Download - Complete Download [TAR] [WIM] [ZIP] [RAR] - Alphabetical Download  [TAR] [WIM] [ZIP] [RAR] - Download Instructions

Make a donation: IBAN: IT36M0708677020000000008016 - BIC/SWIFT:  ICRAITRRU60 - VALERIO DI STEFANO or
Privacy Policy Cookie Policy Terms and Conditions
Filozofi - Wikipedya

Filozofi

Depi Wikipedya, ansiklopedi lib

Filozofi se ekzesis intelektyel baze sou spekilasyon rezonab. Objetif disiplin sa se pou abouti ak yon system ki ka pemet kretyen vivan reponn ak keksyon tankou ki rol nou sou late, kote nou soti, kote nou prale. Nan disiplin sa ki englobe tout ekzesis intelektyel spekilativ sa yo, gen bransh ki devlope ak yon tradisyon ansyenn ke konvensyon rekonet kom bransh etabli nan domen filozofik akademik.

men bransh yo :

Kontni

[edite] Epistemoloji

Bransh nan filozofi ki gen pou objektif fouye sou lanati konesans ; setadi bagay nou ka konen, bagay nou paka konen. gen plizye filozof ki travay nan domen sa-- nonm tankou plato ak aristot. de filozof sa yo reprezante de teori maje nan epistemoloji. setadi, teori ideyalis la, ak teyori reyalis la. nan teori ideyalis, aderan teori sa kwe ke vre verite ya ekziste nan yon fom esensyel ki transande tout apwoksimasyon nan mond fizik la. gen menm ideyalis ki di ke sa nou we nan mond fizik la se yon lonbray de fom ideyal la ke nou paka vreman we ak sans komen yo( zwe, zorey, men, santi, ak goute. pou sipote konsepsyon sa, ideyalis yo gen tandans pran matematik kom yon langaj ki pemet nou dekouvri plizye bagay nan mond sa, men menmsi nou trase yon sek ak instriman ki pi presi nan mond lan, nou pap jame vreman arive pre ekwasyon sek la ki se (x-h)^2 + (y-k)^2 = r^2( h ak k se kowodone pwen sentral sek la, r se reyon sek la).Dapre ideyalis yo, se ekwasyon sa ki vreman fom esensyel yon sek ki egziste selman nan mond ideyal. yon mond ki ka selman penetre avek zouti abstre-mental. bagay yo totalman diferan nan kan reyalis la--- yo we bagay la nan yon lot lonevi; pou yo, se opoze ya ki vre, setadi se mond sensoryel la ki egziste. nonm tankou aristot kwe ke nan pwen bagay ki egziste an deyo mond lan, se pa mond lan kap eseye fe sans ak ide ya, okontre, dapre filozof reyalis yo, se ide mental la kap eseye fe sans ak vre fom esensyel la ki se mond sa. ti mesye reyalis yo gen yon lot non ke yo ba yo nan etid akademik filozofik ki se " anpirisis". neg sa yo, se neg ki kwe nan sa ke yo rele "sipremasi sensoryel", setadi ke tout verite ki gen vale ekzistensyel irefitab dwe fe pati de mond sa. konye la nan etid monden filozifik, pa gen okin akademik ki intenalize eksklisivman yonn nan teori sa yo--- paske kompite ki pemet moun etidye de pre fenomen konpleks tankou fraktal, mond fisik pemet matematisyen penetre yon paket ide abstre nan matematik. sa sijere ke gen yon interelasyon ant mond abstra ya ak mond sensoryel ke plato ak aristot te souzestime. daye, listwa resen intelektyel lemond demontre ke gen yon sipepozisyon irefitab nat mond abstre ya ak mond sensoryel la ( setadi len depann de lot pou avanse nan yon fason ou yon lot)-- reyalis devlope lasyans ak sans yo ke yo itilize nan obsevasyon syentifik yo, men yo bezwen ide matematik yo pou fe sans ak inteprete ou teorize sa yo obseve ya. nan ka sa, li fe sans pou fe ke verite sanble gen yon ale mennen vini ke lap fe ant mond ideyal la e mond sensoryel la.

[edite] Teyoloji

Bransh nan filozofi ki etidye bagay ki gen pou li we ak konsepsyon sipenatirel ; tankou zafe bondye, santa, ak lespri, e relasyon ke entite sa yo sipoze genyen ak kretyen vivan. gen plizye gwo filozof nan teoloji--- nonm tankou augustin, thomas aquinas. Augustin sete yon filozof katolik ki posede yon intelek pwisan, li ede leglis katolik evite yon paket pwoblem filozofik tankou paradox aparan nan labib. li se premye filozof kretyen ki asepte ke se pa tout moun ki pa kwe nan jezi ki pral nan lanfe. li dekouraje tou intepretasyon literal labib, sitou intepretasyon apokaliptik yo. pa ekzanp, nan komansman listwa legliz kretyenn lan, se gen yon tendans pou moun lye tout ti ge, ak pwoblem natirel kom prev ke retou jezi ap rive sou nou. augustin fe rekonet ke se pou aderan sispann fe bagay konsa paske listwa lemond shaje ak ge ant nasyon, shaje ak kalamite ki te pi mal ke sa nou ap we jodi'a menm avan nesans jezi. setadi, le moun pral jije sa, le yo we ke te gen kalamite ki te pi mal, yap pral pase nou nan rizib. infliyans augustin ale nan menm agiman nap kont abosyon jodia. pa egzanp, le pret katolik di ke depi nan moman konsepsyon, gen yon nanm ki rantre nan gamet menmsi li reprezante yon selil. se augustin ki te vinn ak ide sa pou dekouraje infanticid elatriye. men ide sa rankontre yon gwo pwoblem nan ka vre marasa. lasyans prouve ke vre marasa soti nan divizyon yon sel gamet--- si augustin di ke nanm lan indivizib, eke nanm lan rantre nan moman konsepsyon, alo ka vre marasa kontredi teori sa paske li montre ke introdiksyon enstantane nanm lan nan moman konsepsyon mityelman eksklisiv ak indivibilite menm nanm sa. setadi nan ka vre marasa, swa nanm lan indivizib, ou li pa rantre nan moman konsepsyon an.

[edite] Lojik

Bransh ki etidye deklasyon ak relasyon deklarasyon sa yo genyen antre yo pou detemine vale veridik yo. Nan lojik deklarasyon sa yo gen yon non espesyal ki se "pwopozisyon".

Yon nan relasyon ki inpotan anpil nan lojik se yon pwose kognitif ke yo rele " inferans".

Inferans se pwose ki pemet ou fe yon konklizyon dapre sa ou konen ou ou sipoze ou konen. Sa ou sipoze ou konen an yo rele li "premis".

Gen plizye inferans, inferans disjonktiv, inferans kondisyonel.

Ekzanp inferans disjonkdiv: gen de moun ki gen kle kay la, se ti mari ak ti poushon. Si pot la ouve, se yonn nan yo pou ki ta ouve li.

Ti mari okap, li pa potoprins. Setadi, se pa timari ki ouve pot. Si se pa timari, fok se ti poushon. Konklizyon sa valid lojikman paske se yon konklizyon ke nou abouti ak li atrave inferans disjonktiv lan.

[edite] Etik

Bransh nan filozofi ki gen pou detemine vale moral aksyon yon kretyen vivan. Gen plizye system ki devlope pou reponn ak pwoblem sa ; men de pi gran ssyetem ki domine yo se "konsekanlis" ak "univesalis".

Diferans maje nan de system sa yo se kijan yo konkli vale moral yo aksyon. Nan yon kote, konsekanlis di ke se konsekans yon aksyon ki detemine vale moral tandiske univesalis la di ke vale moral yon aksyon objektif e li an deyo de konsekans aksyon an. dapre teori sa, moralite se yon bagay ki sibjektiv, setadi ki varye selon kondisyon aktyel. yon aksyon gen dwa bon nan yon sitiyasyon X, tandiske menm aksyon sa move nan yon aksyon Y Nan kan konsekanlis la, ou gen filozof tantou "jeremy bentham" ki se papa "utilitaryan". Utilitaryan kwe ke si yon aksyon abouti ak plis byen ke mal, li se yon aksyon moral ak vale pozitiv. Nan kan universalis yo ou gen filozof tankou "emmanuel kant" ki di ke vale moral yon aksyon pa gen aryen pou li we ak motivasyon akte ya, ou konsekans aksyon an. pou sipote avi sa, kant devlope yon konsep ki rele " inperatif kategorikal"--- konsep la di ke avan ou fe yon aksyon, imajine ki konsekans aksyon sa si tout moun sou late te adopte menm aksyon sa.

Nan lòt lang
Static Wikipedia 2008 (no images)

aa - ab - af - ak - als - am - an - ang - ar - arc - as - ast - av - ay - az - ba - bar - bat_smg - bcl - be - be_x_old - bg - bh - bi - bm - bn - bo - bpy - br - bs - bug - bxr - ca - cbk_zam - cdo - ce - ceb - ch - cho - chr - chy - co - cr - crh - cs - csb - cu - cv - cy - da - de - diq - dsb - dv - dz - ee - el - eml - en - eo - es - et - eu - ext - fa - ff - fi - fiu_vro - fj - fo - fr - frp - fur - fy - ga - gan - gd - gl - glk - gn - got - gu - gv - ha - hak - haw - he - hi - hif - ho - hr - hsb - ht - hu - hy - hz - ia - id - ie - ig - ii - ik - ilo - io - is - it - iu - ja - jbo - jv - ka - kaa - kab - kg - ki - kj - kk - kl - km - kn - ko - kr - ks - ksh - ku - kv - kw - ky - la - lad - lb - lbe - lg - li - lij - lmo - ln - lo - lt - lv - map_bms - mdf - mg - mh - mi - mk - ml - mn - mo - mr - mt - mus - my - myv - mzn - na - nah - nap - nds - nds_nl - ne - new - ng - nl - nn - no - nov - nrm - nv - ny - oc - om - or - os - pa - pag - pam - pap - pdc - pi - pih - pl - pms - ps - pt - qu - quality - rm - rmy - rn - ro - roa_rup - roa_tara - ru - rw - sa - sah - sc - scn - sco - sd - se - sg - sh - si - simple - sk - sl - sm - sn - so - sr - srn - ss - st - stq - su - sv - sw - szl - ta - te - tet - tg - th - ti - tk - tl - tlh - tn - to - tpi - tr - ts - tt - tum - tw - ty - udm - ug - uk - ur - uz - ve - vec - vi - vls - vo - wa - war - wo - wuu - xal - xh - yi - yo - za - zea - zh - zh_classical - zh_min_nan - zh_yue - zu -

Static Wikipedia 2007 (no images)

aa - ab - af - ak - als - am - an - ang - ar - arc - as - ast - av - ay - az - ba - bar - bat_smg - bcl - be - be_x_old - bg - bh - bi - bm - bn - bo - bpy - br - bs - bug - bxr - ca - cbk_zam - cdo - ce - ceb - ch - cho - chr - chy - co - cr - crh - cs - csb - cu - cv - cy - da - de - diq - dsb - dv - dz - ee - el - eml - en - eo - es - et - eu - ext - fa - ff - fi - fiu_vro - fj - fo - fr - frp - fur - fy - ga - gan - gd - gl - glk - gn - got - gu - gv - ha - hak - haw - he - hi - hif - ho - hr - hsb - ht - hu - hy - hz - ia - id - ie - ig - ii - ik - ilo - io - is - it - iu - ja - jbo - jv - ka - kaa - kab - kg - ki - kj - kk - kl - km - kn - ko - kr - ks - ksh - ku - kv - kw - ky - la - lad - lb - lbe - lg - li - lij - lmo - ln - lo - lt - lv - map_bms - mdf - mg - mh - mi - mk - ml - mn - mo - mr - mt - mus - my - myv - mzn - na - nah - nap - nds - nds_nl - ne - new - ng - nl - nn - no - nov - nrm - nv - ny - oc - om - or - os - pa - pag - pam - pap - pdc - pi - pih - pl - pms - ps - pt - qu - quality - rm - rmy - rn - ro - roa_rup - roa_tara - ru - rw - sa - sah - sc - scn - sco - sd - se - sg - sh - si - simple - sk - sl - sm - sn - so - sr - srn - ss - st - stq - su - sv - sw - szl - ta - te - tet - tg - th - ti - tk - tl - tlh - tn - to - tpi - tr - ts - tt - tum - tw - ty - udm - ug - uk - ur - uz - ve - vec - vi - vls - vo - wa - war - wo - wuu - xal - xh - yi - yo - za - zea - zh - zh_classical - zh_min_nan - zh_yue - zu -

Static Wikipedia 2006 (no images)

aa - ab - af - ak - als - am - an - ang - ar - arc - as - ast - av - ay - az - ba - bar - bat_smg - bcl - be - be_x_old - bg - bh - bi - bm - bn - bo - bpy - br - bs - bug - bxr - ca - cbk_zam - cdo - ce - ceb - ch - cho - chr - chy - co - cr - crh - cs - csb - cu - cv - cy - da - de - diq - dsb - dv - dz - ee - el - eml - eo - es - et - eu - ext - fa - ff - fi - fiu_vro - fj - fo - fr - frp - fur - fy - ga - gan - gd - gl - glk - gn - got - gu - gv - ha - hak - haw - he - hi - hif - ho - hr - hsb - ht - hu - hy - hz - ia - id - ie - ig - ii - ik - ilo - io - is - it - iu - ja - jbo - jv - ka - kaa - kab - kg - ki - kj - kk - kl - km - kn - ko - kr - ks - ksh - ku - kv - kw - ky - la - lad - lb - lbe - lg - li - lij - lmo - ln - lo - lt - lv - map_bms - mdf - mg - mh - mi - mk - ml - mn - mo - mr - mt - mus - my - myv - mzn - na - nah - nap - nds - nds_nl - ne - new - ng - nl - nn - no - nov - nrm - nv - ny - oc - om - or - os - pa - pag - pam - pap - pdc - pi - pih - pl - pms - ps - pt - qu - quality - rm - rmy - rn - ro - roa_rup - roa_tara - ru - rw - sa - sah - sc - scn - sco - sd - se - sg - sh - si - simple - sk - sl - sm - sn - so - sr - srn - ss - st - stq - su - sv - sw - szl - ta - te - tet - tg - th - ti - tk - tl - tlh - tn - to - tpi - tr - ts - tt - tum - tw - ty - udm - ug - uk - ur - uz - ve - vec - vi - vls - vo - wa - war - wo - wuu - xal - xh - yi - yo - za - zea - zh - zh_classical - zh_min_nan - zh_yue - zu -

Sub-domains

CDRoms - Magnatune - Librivox - Liber Liber - Encyclopaedia Britannica - Project Gutenberg - Wikipedia 2008 - Wikipedia 2007 - Wikipedia 2006 -

Other Domains

https://www.classicistranieri.it - https://www.ebooksgratis.com - https://www.gutenbergaustralia.com - https://www.englishwikipedia.com - https://www.wikipediazim.com - https://www.wikisourcezim.com - https://www.projectgutenberg.net - https://www.projectgutenberg.es - https://www.radioascolto.com - https://www.debitoformtivo.it - https://www.wikipediaforschools.org - https://www.projectgutenbergzim.com